Melanj tradisyonèl fèy ak rasin natirèl
Dekouvri youn nan melanj tradisyonèl ki pi apresye nan medsin rasin Ayiti. Pake pou Fredi Anny Naturals fèt ak yon seleksyon fèy ak rasin natirèl ki itilize nan tradisyon pou sipòte kò a siw santiw gon fredite, ede w santi w pi alèz ak byen pi vit.
Melanj sa a fèt ak plant byen chwazi ki pote chalè, konfor, ak byennèt anvè kò a. Li kapab sèvi nan beny cho, vapè, oubyen lòt itilizasyon tradisyonèl fanm lakay konn fè pou soulajman ak rilaksasyon.
Kisa ki ladan?
Melanj lan gen ladan:
Chak plant pote pwòp fòs li, e ansanm yo kreye yon pake ki konplè pou frèt ak sezon ki mande plis swen pou kò a.
Benefis Itilizasyon Tradisyonèl yo
(Deskripsyon sa yo pa medikal; yo baze sou itilizasyon tradisyonèl nan kilti rasin.)
Poukisa chwazi Anny Naturals?
Nou seleksyone plant yo avèk anpil swen pou w resevwa yon melanj pwòp, natirèl, epi ki respekte tradisyon nou yo. Chak pake prepare avèk anpil atansyon pou garanti ou bon jan kalite.
Disclaimer / Averisman
Pake sa a fèt sèlman ak plant natirèl epi li baze sou itilizasyon tradisyonèl. Li pa fèt pou dyagnostike, trete, geri, oswa anpeche okenn maladi. Enfòmasyon nou bay yo se pou objektif edikatif sèlman. Si ou ansent, ou bay tete, ou sou medikaman, oswa ou gen yon kondisyon medikal, konsilte yon pwofesyonèl sante anvan ou itilize. Rezilta yo ka varye de yon moun a yon lòt.