Melanj tradisyonèl pou fòs, andirans ak detant kò
Pake sa fèt espesyalman pou moun ki vle prepare bwason natirèl lakay yo pou ranfòse andirans, kenbe kò a djanm, epi soutni vitalite chak jou. Chak pake ase pou fè 4 boutèy bwason, selon gou ak bezwen ou.
Melanj lan fèt ak kòs fèy ayisyen otantik, rasin, ak epis tradisyonèl ki depi lontan sèvi pou soutni kò a, ranfòse enèji natirèl li, epi bay bon fonksyònman.
Kisa Wap Jwenn Nan Pake a
Yon seleksyon kòs , fèy ak epis tankou:
Zo devan
Kos bwa kochon
Al konyen
Sikren
roroli
Jouk li jou
Bwadine
Chak engredyan klase pa kategori lè w louvri pake a, konsa ou fasil mete sa ki menm gwoup ansanm pou konpoze 4 boutèy bwason.
Kijan Pou Prepare Bwason An?
Louvri pake a epi separe fèy ,kòs ak epis ki sanble an 4 pati.
Mete chak pati nan yon boutèy (gwo boutèy vè oswa plastik
Ajoute bwason ou prefere:
whisky,
Diven,
Ròm,
oswa nenpòt bwason natirèl ou renmen.Mwen konseye rhum babankou
Lew jwen li wap achte jenjanm ak safran epi jirof ak kanel mete ladanl ajoute siro Myèl tou
Kite l tranpe pou 7 jou pou engredyan yo lage tout eleman yo.
Apre 7 jou, bwè li ak mezi ou pou sipòte fòs, andirans, ak vitalite.
Benefis Tradisyonèl
Soutni andiryans
Bay vitalite
Ede kò a kenbe fòs
Bon pou moun k ap fè anpil travay fizik oswa ki bezwen plis enèji natirèl
(Remake: Nou pa fè deklarasyon medikal. Se yon itilizasyon tradisyonèl.)
Nòt Enpòtan
Pa rekòmande pou fanm ansent oswa moun ki pran medikaman san konsèy doktè.
Sèlman pou granmoun.
Toujou fè yon ti tès si w pa janm sèvi ak engredyan sa yo.
Nan pake sa a, mwen mete yon pake roroli espesyal pou prepare yon ji natirèl fòs ak andirans.
Swa a, mete roroli a tranpe nan dlo epi kite l repoze pandan lannuit.
Demen maten, blende l pou fè ji ou. Ou ka ajoute yon ti siwo myèl pou ede bwason an bay plis enèji natirèl epi soutni vitalite kò a.
(Sa yo se itilizasyon tradisyonèl. Pa sèvi kòm konsèy medikal.)
Sign up now and get 10% off on your first order