Pake Bwa di( pake sa edew ak bann epi andirans )
$122.00$135.00
10
Hurry up! only 7 products left in stock!

 

Melanj tradisyonèl pou fòs, andirans ak detant kò

Pake sa fèt espesyalman pou moun ki vle prepare bwason natirèl lakay yo pou ranfòse andirans, kenbe kò a djanm, epi soutni vitalite chak jou.

Chak pake fèt pou prepare 1 boutèy bwason, selon dòz ki deja mezire nan melanj lan.

Melanj lan fèt ak kòs, fèy ayisyen otantik, rasin, ak epis tradisyonèl ki depi lontan sèvi pou soutni kò a, ranfòse enèji natirèl li, epi bay bon fonksyònman.

Avètisman enpòtan

Pake sa deja byen mezire ak byen dòze pou ba ou kantite ki nesesè pou preparasyon an. Se egzakteman jan ou wè li sou foto a li vini. Si ou panse li twò piti pou ou, pa achte li, paske se konsa pwodwi a prezante.

 

Kisa Wap Jwenn Nan Pake a

Yon seleksyon kòs, fèy ak epis tankou:

Zo devan

Kos bwa kochon

Al konyen

Sikren

Roroli

Jouk li jou

Bwadine

Lyann bande 

Tout engredyan yo deja melanje ansanm nan pake a, pare pou itilize dirèkteman.

 

Kijan Pou Prepare Bwason An?

Louvri pake a epi mete tout melanj lan dirèkteman nan yon boutèy (vè oswa plastik).

Ajoute bwason ou prefere:

whisky

diven

ròm

oswa nenpòt bwason natirèl ou renmen. Mwen konseye rhum babankou.

Ou ka ajoute jenjanm, safran, jirof ak kanel ladanl, ansanm ak siwo myèl.

Kite l tranpe pou 7 jou pou engredyan yo lage tout eleman yo.

Apre 7 jou, bwè li ak mezi ou pou sipòte fòs, andirans, ak vitalite.

 

Benefis Tradisyonèl

Soutni andirans

Bay vitalite

Ede kò a kenbe fòs

Bon pou moun k ap fè anpil travay fizik oswa ki bezwen plis enèji natirèl

(Remak: Nou pa fè deklarasyon medikal. Se yon itilizasyon tradisyonèl.)

 

Nòt Enpòtan

Pa rekòmande pou fanm ansent oswa moun ki pran medikaman san konsèy doktè.

siw fè tansyon wo pa konsomel san avi yon doktè oubyen ou gen nenpot konplikasyon medikal pa konsomel paske kos yo fò anpil .

Sèlman pou granmoun.

Toujou fè yon ti tès si w pa janm sèvi ak engredyan sa yo.

 

Nan pake sa a, mwen mete yon pake roroli espesyal pou prepare yon ji natirèl fòs ak andirans.

Swa a, mete roroli a tranpe nan dlo epi kite l repoze pandan lannuit.

Demen maten, blende l pou fè ji ou. Ou ka ajoute yon ti siwo myèl pou ede bwason an bay plis enèji natirèl epi soutni vitalite kò a.

 

(Sa yo se itilizasyon tradisyonèl. Pa sèvi kòm konsèy medikal.)